Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH) frape fò, samdi ki te 10 septanm 2022 a. Chèf gang Bon Repo a ki rele Ti Toutou ak youn nan akolit li yo mouri pandan yon operasyon lapolis nan Zòn Bon Repo, nan komin Kwadèboukè.
Nan nòt PHN la pibliye a li fè konnen yo te tire chèf gang Bon-Repo a, « Titoutou », lè li ta pral enstale ekipman son li pou selebre monte li kòm chèf gang nan zòn Bon-Repo on lokalite nan komin kwa dè boukè.
Daprè sa ekip kominikasyon PNH la fè konnen, Ti Toutou te fè pati gwoup gang Kanaran ki gen jeneral yo ki se Jeff, ak Michelet, alyas « Boid ». Epi ekip kominikasyon PNH la presize lòt manm yo lapolis ak chèche aktivman.
Nap raple Mèkredi ki te 3 out 2022 a, chèf gang Collègue Octavius alias Kòlèg ak youn nan sòlda li yo te bwè dlo dan lè yo, lè te kwaze ak kèk polisye PNH la a.

