AN KREYÒL

Dispozisyon deja pran pou gaz la disponib nan ponp yo, anonse gouvènman Ariel Henry a 

Aprè plizyè mwa rate gaz sou tout teritwa peyi a, gouvènman Ariel Henry a fè konnen jounen mekrèdi 14 septanm lan, gen dispozisyon ki deja pran pou alimante ponp yo pou pwodui petwolye yo kapab rekòmanse disponib. 

Yon ti tan aprè anons ofisyèl sou nouvo ajisteman ki fèt nan pri pwodui petwolye yo jounen 14 septanm lan, gouvènman Ariel Henry a fè konnen gen stòk ki disponib pou kapab founi mache a ak gazolin e gen lòt kòmand ki pral pase. 

Yon dispozisyon ki pran, daprè ekip ki sou pouvwa a, nan lide pou kapab rezoud pwoblèm rate gaz sa peyi a pa sispann konnen depi plis pase yon lane ak garanti disponiblite pwodui sa nan ponp yo. 

Nan yon piblikasyon ki fèt sou kont Ministè kilti ak kominikasyon jounen 14 septanm lan, gouvènman Ariel Henry a konfime nouvo ajisteman ki fèt nan pri pwodui petwolye yo ki fikse pou kounya ak 570 goud galon gazolin, 670 goud diesel epi 665 goud galon kewozèn. 

Daprè ekip gouvènmantal la, totalite taks yo pa aplike sou gazolin lan ki rete sibvansyone nan wotè 158 goud galon. Kidonk, nòmalman nouvo pri pwodui sa nan ponp yo te sipoze fikse a 728 goud. 

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave A Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *