AN KREYÒL

Lapolis nan komin kwadèboukè rekipere kadav responsab konpayi Dijisèl la san pete yon peta 

Lapolis nan komin Kwadèboukè rekipere jodi 14 septanm 2022 a kadav responsab sèvis Kliyantèl Digicel la  Madam Marie Lydie Duvivier,  ansanm ak machin ki te nan men l lan, bandi ak gwo zam fann fwa nan men yo te sasinen ayè madi a nan zòn Tòsèl komik Taba, nan moman yo t ap tante kidnape l.  

Selon premye eleman enfòmasyon yo, polisye  yo jwenn kò dam lan andedan yon zòn ki rele Nway nan komin Kwadèboukè. 

Aprè ravisè yo te fin touye responsab la. ” Mesye yo te kidnape kadav la”, nan pita yo te mande 100 mil dola meriken pou bay fanmi an mò a, polisye yo kap kontwole komin Kwadèboukè a reyisi jwenn kò viktim nan ak machin nan san pete yon peta ni vèse okenn ranson. 

Nap raple, malfektè san manman yo te sasinen dam sila a nan moman l te nan yon machin zòn bò anbasad amerikèn nan komin Taba. Yo retire lavi li aprè l t ap fè rezistans pou sove tèt li. 

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave A Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *