Categories: AN KREYÒL

3 moun mouri pandan yon diskisyon pou gaz zòn Verèt

Share

Nan depatman Latibonit, pi presizeman nan zòn Verèt, 3 moun pèdi lavi yo nan kòmansman semèn nan aprè yon diskisyon pou gaz fini mal. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Yon abitan nan lokalite Moje, nan komin Verèt, rapòte 2 moun t ap fè diskisyon pou yon zafè gaz epi genyen youn ki touye lòt la. Yon ti tan aprè fanmi viktim nan debake kay otè zak la epi koupe tèt li ak tout yon frè l epi mete dife sou yo. 

Suit ak trajedi sila ki pase 26 septanm pase a te genyen anpil tansyon nan lokalite Moje, nan depatman Latibonit, ant fanmi 2 viktim yo ki toutfwa pa idantifye. 

N ap raple, depi plizyè mwa pa genyen gaz sou teritwa. Anplis sibvansyon yo gouvènman Ariel Henry an deside koupe, li monte pri yo nan ponp yo. Depi lè sa Pòtoprens ak plizyè vil pwovens bloke akòz pwotestasyon ki genyen  kont desizyon sila. Pwotestatè tou pwofite mande nan revandikasyon yo pou gouvènman Ariel Henry an remèt demisyon l prese prese.  

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by