CNSCA deklare « Ayiti pa bezwen mantè, lach, ki pou reprezante l nan fowòm devan lemonn antye »

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
cnsca deklare ayiti pa bezwen mantè, lach, ki pou reprezante l nan fowòm devan lemonn antye

Konsèy Nasyonal Sosyete Sivil Ayisyen (CNSCA) nan yon nòt li pibliye Mèkredi 28 septanm 2022 a, di li denonse mepri gouvènman an devan revandikasyon pèp Ayisyen  an.  Pandan l ap pataje kòlè popilasyon an, CNSCA mande gouvènman an pou l debloke Tèminal Vare pi vit posib. 

Nan  nòt li a, CNSCA di li obsève ak pi gwo lapenn sitiyasyon almant  peyi a plonje depi kèk lane a ki kontinye ap deteryore pi plis chak jou. Li fè konnen tou sitiyasyon sekirite a, ak kriz gaz la pandan plizyè mwa ak rèl  popilasyon  otorite yo pa janm tande  a te mennen nan blokaj total aktivite yo pou twa semèn ki sot pase yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Konsèy Nasyonal Sosyete Nasyonal Sivil Ayiti (CNSCA) te di tou Entèvansyon ki plen manti sou sitiyasyon peyi a Mesye Jean Victor Généus, pandan 77èm sesyon òdinè Asanble Jeneral Nasyonzini samdi 24 septanm nan, se sentòm deperi lidèchip ak bon gouvènans nan peyi a.  

Se sak fè , estrikti sosyete sivil sa a di li  kwè Ayiti pa bezwen mantè, lach, ki pou reprezante l nan fowòm k ap fèt devan lemonn antye. 

Yon lòt bò  Estrikti  a di li konprann epi li pataje kòlè popilasyon an aprè desizyon gouvènman Ariel Henry a te pran pou ogmante pri gaz yo nan peyi a, nan sans sa CNSCA mande gouvènman an pou l montre entèlijans estratejik nan sitiyasyon sa a e pou l pran dispozisyon ki nesesè pou fasilite rekòmansman aktivite yo nan peyi a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.