Militè dominiken anpeche moto k ap sòti Ayiti rantre sou fwontyè a 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
l'opc demande aux parents des 12 prisonniers décédés de s'attaquer à l'etat par devant des instances internationales (1)

Militè kò espesyalize k ap sekirize fwontyè dominiken an (CESFRONT) anpeche sou tout fwontyè a moto ki sòti Ayiti k ap rantre nan peyi Repiblik Dominikèn pou vin achte gaz akoz rate ki gen Ayiti depi kèk tan. 

Fas ak sitiyasyon ki gen an Ayiti depi plizyè semèn kote gaz la pa disponib nan ponp yo, anpil ayisyen pa sispann travèse fwontyè a pou al achte gaz pou sèvi ak pou vin revann Ayiti. Fas ak konsta sa ki enplike plis chofè moto yo nan aktivite sa, militè dominiken yo anpeche moto k ap sòti Ayiti yo rantre sou teritwa dominiken an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mezi sa pran egalman pou evite gen twòp moun anba ponp yo nan peyi Repiblik Dominikèn k ap vin fè gaz nan estasyon ki tou pre fwontyè yo ak pou pèmèt moun ki nan zòn sa yo kapab benefisye sibvansyon pou ti bout tan Leta dominiken mete sou plas pou pwodui petwolye yo akoz monte pri yo sou mache entènasyonal la. 

Yon mezi ki rantre tou nan kad dispozisyon Leta dominiken pran pou sekirize fwontyè sitou fas ak degradasyon sitiyasyon sekirite yo an Ayiti ak monte an fòs gwoup gang yo sou teritwa ayisyen an. 

Depi plizyè semèn prèske tout ponp gaz yo rete fèmen Ayiti akoz ratman pwodui petwolye sou teritwa ayisyen an. Avèk ogmantasyon pri pwodui petwolye yo gouvènman ayisyen fè semèn pase a ki pwovoke gwo twoub sosyal nan prèske tout peyi a, Repiblik Dominikèn vini prensipal destinasyon pou anpil moun ak enstitisyon pou kapab achete gaz pou fonksyone. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.