Categories: AN KREYÒL

Sèl yon entèvansyon militè ap kapab sòti Ayiti nan sa l ye a, deklarasyon Pamela White

Share

Ansyen anbasadè ameriken nan Pòtoprens, Pamela Ann White, deklare jounen jedi 29 septanm 2022 an, pandan patisipasyon l nan yon seyans odisyon nan kongrè ameriken an sou sitiyasyon Ayiti a, se yon entèvansyon militè k ap ka rezoud pwoblèm yo nan peyi an. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ansyen anbasadè a fè konnen nan kongrè ameriken an li lè li tan pou kominote entènasyonal la sispann kwè diplomasi nòmal kapab fonksyone an Ayiti ak reyalite ki gen la kote plis pase 60% rejyon metwopolitèn lan sou kontwòl gang, mete sou gouvènman ki pa lejitim, ak sistèm jidisyè a ki ajenou. Pou Pamela White, dwe gen prezans sòlda depi kounya nan peyi pou mete fen ak sitiyasyon sa ki gen nan peyi an. 

«Dwe gen yon fòs avèk pwofesyonèl fòme ki kapab konbat vagabon. Pèsonèlman, m pa bezwen konnen si se ap mèsenè, sòlda Nasyonzini oubyen ansyen polisye New York. Fòk sa sispann. Petèt sektè prive a ap kapab finalman deside pran bagay yo an men e olye yo jwe avèk gang yo, y ap kapab peye twoup pou sove Ayiti », deklare ansyen diplomat ameriken an. 

Pou Pamela White, anyen pa p rive chanje si nou pa rive garanti sekirite a avan tout lòt inisyativ. Ansyen anbasadè ameriken nan Pòtoprens la di li vote pou sekirize dabò lari yo, kay yo ak mwayen manje pèp ayisyen an k ap viv nan yon kondisyon tèt chaje. Aprè, ogmantasyon èd imanitè pou moun yo, avan pou nou pale de eleksyon ak pakèt lòt refòm nesesè yo. 

Nan entèvansyon sa, diplomat la di li dakò ak editoryal jounal ameriken Washington Post la ki di kominote entènasyonal la, administrasyon Biden nan, dwe fè fas ak efondreman Ayiti e aji pou anpeche peyi a plonje pi ba toujou. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by