Ouvèti lekòl la : UNNOEH mande respè dwa elèv lekòl yo 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
2017 06 07 haiti csn n9p05o2aeaijb5pdig4vntt3959hz6lki14wrfxof8

Depi 2 semèn, plizyè mobilizayon ap dewoule nan Kapital la ak nan vil pwovens yo, menmsi gen kèk jou aktivite yo komanse ap rekòmanse timidman, men akoz pwoblèm gaz la, vin lakòz pa gen machine transpò piblik nan lari a, sa ki mete an danje ouvèti lekòl ki prevwa pou  lendi 3 oktòb sa. Se sak fè Inyon Nasyonal Nòmalyen/Nòmalyèn ak Edikatè/Edikatris Ayiti mande otorite yo pou yo travay pou respekte dwa timoun lekòl yo. 

Inyon Nasyonal Nòmalyen/Nòmalyèn ak Edikatè/Edikatris Ayiti fè konnen klima tansyon ki anraje nan peyi a enkyete tout pwofesè yo lavèy ouvèti lekòl la, ki pwograme pou lendi 3 oktòb 2022 sa. Nan sans sa manm UNNOEH yo ap poze tèt yo kesyon sou yon bon retou lekòl nan kontèks kriz ekonomik difisil sa a ki agrave ak ajitasyon kriz sosyo politik peyi a ap viv jounen jodia. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Donk, sou baz enkyetid sa yo, UNNOEH mande dirijan  anplas yo pou yo travay pou fasilite tout timoun ki gen laj pou yo ale  lekòl, nan yom klima kote yo pa pral riske vi yo, ni yo pap konfwonte ak gwo difikilte tankou pwoblèm machin, paka manje akoz lavi chè a elatriye. 

Yon lòt bò, UNNOEH di li kondane zak piyaj ak zak vandalis ki te fèt nan plizyè lekòl pandan mouvman mobilizasyon yo nan kèk vil pwovens peyi a, tout pandan li fè konnen yo ap sipòte mouvman sa yo ki vize pou mande pi bon kondisyon lavi pou majorite popilasyon an ki ap soufri depi lontan. 

Nap raple, Minis Edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat fè konnen  tout lekòl san eksepsyon dwe louvri pòt yo lendi 3 oktòb  2022 kap vini an. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.