Ratman gaz : Tèminal Vare a bloke ak plizyè milye galon gaz 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
ratman gaz tèminal vare a bloke ak plizyè milye galon gaz 

Depi plizyè mwa peyi a  konfwonte ak yon ratman gaz, plizyè ponp gaz fèmen, epi konsomatè yo vin nan anpil difikilte pou yo achte gaz yo. Apre mouvman pwotestasyon yo, ponp gaz yo pa t rive jwenn mwayen pou yo te apwovizyone gaz mete nan ponp yo, akoz Gang ak zam ki bloke Tèminal Vare a pou fòse gouvènman an ranvèse desizyon li pran pou ogmante pri pwodwi petwòl yo nan peyi a. 

Dènye chajman kamyon an se 12 septanm 2022, e depi lè sa a, plizyè milyon galon gazolin, kewozèn ak dyezèl rete estoke nan sant  estokaj gaz WINECO, te fè konnen tèminal Vare a nan yon mesaj li te pibliye sou kont  Twitter li ayè jedi 29 septanm nan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan mesaj li a, Tèminal Vare  fè yon bilan sou aksyon li yo nan WINECO pou jounen 29 vendredi septanm 2022 sa.  Li te di 4,983,426 galon Dyezèl te rete estoke nan tèminal la pandan 816,228 galon Kewosèn  ak 5,162,346 galon gazolin nan menm sitiyasyon an, Daprè enfòmasyon  konpayi WINECO a kominike atravè kont Twitter Tèminal  Vare a. 

Nap raple, ratman gaz la nan peyi a lakòz anpil enstitisyon fèmen pòt yo, tankou lopital Bernard Mevs nan yon avi ki te pibliye 27 septanm 2022, ki te fè konnen lopital la  pral mete  sou pye  yon plan ijans ak yon rediksyon nan anplwaye li yo akòz mank gaz sou mache a.  Menm jan tou kèk konpayi telefòn yo nam peyo menase kanpe sèvis yo paske yo paka kwennygaz pou yo sèvi, pou kontinye bay sèvis.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.