Categories: AN KREYÒL SANTÉ

Nasyonzini pwomèt y ap soutni jefò gouvènman ayisyen an pou kwape kolera

Share

Òganizasyon Nasyonzini di yo kanpe dèyè divès jefò gouvènman ayisyen an ap fè pou kwape epidemi kolera ak founi bon jan ijans pou sove vi sila ki trape l yo, aprè otorite sanitè yo te konfime yon ka pozitif ak idantifye plizyè ka sispèk nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nasyonzini yo ap siveye an tan reyèl sitiyasyon sila epi travay avèk gouvènman ayisyen pou bay yon repons ijans ak potansyèl epidemi sila, pou evite li pwopaje, epi enfòme popilasyon sou ki fason pou yo pran bon jan mezi imedya pou sove vi moun ki kontamine yo. 

Y ap bay yon soutyen siplemantè k ap baze sou yon siveyans elaji sitiyasyon an, ogmante kantite dlo potab moun yo, fè asenisman, devlope sant tretman kolera epi ranfòse “priz an chaj” ka yo, se sa Nasyonzini yo fè konnen. 

Samdi 1ye oktòb 2022 a, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) te fè nasyon an konnen dènyèman li te idantifye plizyè ka kolera nan zòn popilè yo nan kapital la Pòtoprens, tankou nan Savann Pistach ak nan minisipalite Site Solèy, pi presizeman nan zòn Brooklyn. 

N ap raple, se kèk mwa apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la, nou te kòmanse idantifye ka kolera yo ann Ayiti.  Epidemi sa a te fè anpil ravaj nan mitan popilasyon ayisyen an, sa ki te lakòz lanmò prèske 10,000 moun, daprè Unicef.  Anvan popilasyon an te kwape maladi sa a, li te soufri anpil domaj ak kontaminasyon prèske 820 000 moun.  

Dènye ka kolera konfime nan peyi a te obsève nan mwa fevriye 2019. Twa ane apre, nan dat 4 fevriye 2022, otorite ayisyen yo te finalman selebre eliminasyon kolera a epi t ap tann sètifika ofisyèl eliminasyon an, nou an Oktòb 2022, MSPP alète sou aparisyon maladi yon lòt fwa ankò. 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by