Dànmak ak Tinizi fè premye match nil vyèj nan Mondyal la

Jephte Pascal
Par
Jephte Pascal
Rédacteur
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.
- Rédacteur
dànmak ak tinizi fè premye match nil vyèj nan mondyal la
Premye match nan Gwoup D Koup Di Mond FIFA, Kata 2022 a jwe jodi a. Dànmak ak Tinizi pa rive depataje yo nan match sila a. Se premye match ki pa gen gòl menm nan Mondyal sa.
Koup Di Mond 2022 a konnen dezyèm match nil li, jounen 22 Novanm nan. Dànmak t ap kwaze ap Tinizi pou yo lanse Gwoup D a ki ladan l you Lafrans ak Ostrali. 2 ekip yo pa rive fè filè yo tranble pandan match foutbòl sa, e se premye match ki fini konsa nan Mondyal la.
Dànmak te prezante l ak tout pyès li yo. Nou te gen chans rewè Christian Eriksen nan yon gwo tounwa entènasyonal aprè malèz li te genyen nan Euro 2020 an ki te retire l sou pelouse yo pou yon bon bout tan.
Ekip Tinizi a te livre yon bèl pèfòmans, yo te livre jwèt egal ak Danwa yo. Yo te montre navi pou yo pran 3 pwen match la. Nan dezyèm mitan an, Dànmak pase pwòch gòl ouvèti eskò a men malgre aksyon an te klè, Christensen pa t rive met balon an nan filè a.
Dànmak panse l ta pral jwenn yon penalite nan tan adisyonèl match la. Men VAR pa t jije bon pou l akòde penalite sa ak konpatriyòt Højbjerg yo. De ekip yo pataje pwen yo pou dyèl ant Lafrik ak Ewòp sa.
//
Sign Up for Our Newsletter

Subscribe to our newsletter to get our newest articles instantly!

[mc4wp_form id= »55″]

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.