Seleksyon Meksikèn nan se youn nan ekip ki elimine depi nan premye tou nan Mondyal Kata 2022 a. Aprè eliminasyon sa, federasyon foutbòl nan peyi Meksik la pa deside kenbe antrenè yo, Gerardo Tata Martino.
Si gen antrenè k ap revele yo oubyen k ap make pwen pandan Mondyal la, genyen tou k ap pèdi djòb yo akoz move rezilta. Pou egzanp nou ka site Gerardo Martino. Antrenè Ajaten an te nan tèt seleksyon Meksikèn nan depi yon bon bout tan men yo rive limoje l.
Meksik te nan poul C a avèk Ajantin, Polòy epi Arabi Sawoudit. Malgre yo fini konpetisyon an sou yon viktwa anfas Sawoudyen yo (2-1), Aztèk yo pa rive jwenn kalifikasyon yo pou koze diferans gòl. Diferans gòl yo a enferyè parapò ak pa seleksyon Polòy la alòske yo fè menm pwen.
Meksik ki t ap patisipe nan kenzyèm Koupdimonn li te jwenn yon match nil (0-0) devant Polòy nan premye match yo, sitou gras ak yon pennal Ochoa te kenbe a. Men l te tonbe fò (0-2) anfas Ajantin nan dezyèm sòti li. Dènye viktwa a pa pote kichòy pou li.
Se pi move reprezantasyon Meksik nan Mondyal la depi kèk lane. Seleksyon sa te toujou abitye pase premye tou avan l al echwe nan uityèm final. Sa fini sou yon move nòt ant Meksik ak ansyen antrenè FC Barcelone nan.
Facebook Comments