Categories: AN KREYÒL

Direksyon jeneral migrasyon an pwomèt l ap entansifye depòtasyon Ayisyen yo pou fen ane a

Share

Pou fen ane a, Direksyon jeneral migrasyon an nan Repiblik Dominikèn (DGM) pwomèt l ap ogmante operasyon depòtasyon migran ki san papye yo sou teritwa li a. Toutfwa l pwomèt l ap fè kou l konnen pou migran ki ilegal yo resevwa pi bon tretman pandan pwosesis sila. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Malgre divès demand kominote entènasyonal la fè nan dosye sila, Repiblik dominikèn deklare li pa p sispann depòtasyon li yo. Nan sans sa, Direktè jeneral migrasyon an, Venancio Alcántara deklare yo deja mete plizyè sant kanpe nan zòn Elias Piña, Dajabón ak Haina pou resevwa san papye y ap depòte yo, nan lide pou yo ka jwenn pi bon tretman. 

“Jesyon sa a karakterize pa respè pou lalwa a. Entèdiksyon yo miltipliye, men tou, tretman imanitè prizonye yo”, se deklarasyon responsab la, ki te ensiste sou “respè lalwa san twòp fòs ak vyolans, epi tretman plis imen”. 

Alcántara bay asirans rapatriman yo ap fèt an konfòmite ak lalwa, ak règleman imigrasyon yo epi nan respè dwa moun ak akò entènasyonal yo. 

N ap raple, malgre Nasyonzini te mande prezidan dominiken an Luis Abinader pou l sispann depòte Ayisyen yo ki san papye sou teritwa li a akòz sitiyasyon peyi d Ayiti pa favorab pou sa, li te fè konnen se prensip l ap mete nan peyi l, l ap aji jan Konstitisyon dominiken an mande sa. 

Konsa, pou mwa novanm nan sèlman DGM an voye tounen an Ayiti 24 mil 794 Ayisyen ki pa genyen papye, alòske an Oktòb dènye yo te deja voye lakay yo 20 mil 115 etranje ki ilegal, nan peyi kote yo fèt la, ladan yo yon pakèt Ayisyen. 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by