Yon dezyèm jounalis pèdi lavi l nan peyi Kata 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon dezyèm jounalis pèdi lavi l nan peyi kata 

Mwens pase 2 jou aprè lanmò sibit jounalis ameriken Grant Wahl, pandan match Ajantin fas Peyiba a, fotograf Khalid al-Misslam ki t ap kouvri 22 èm edisyon Koup Dimond lan pou medya lokal Al-Khass pèdi lavi l egalman. 

Jounal Gulf Times konfime jounen lendi 12 desanm lan, sou rezo sosyal yo, lanmò Khalid al-Misslam, yon jounalis fotograf ki t ap kouvri evènman Koup Dimond lan nan peyi Kata pou medya Leta Al-Kass. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Al-Kass ki t ap anonse nouvèl lanmò foto-jounalis lan sou rezo sosyal yo, pa pwononse l sou sikonstans lanmò sibit jounalis lan ki vini a anviwon 24 è aprè lanmò jounalis espòtif ameriken an Grant Wahl ki te viktim yon arè kadyak. 

Bò kote FIFA, toujou pa gen okenn kominikasyon ofisyèl sou lanmò jounalis fotograf lan, yon dezyèm ka ki sanse anrejistre pandan dewoulman 22 èm edisyon Koup Dimond lan, yon konpetisyon k ap fini nan anviwon 8 jou. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.