Categories: AN KREYÒL SPORTS

Mondyal 2022: Luka Modric anonse l ka sispann jwe pou Kwoasi

Share

Aprè ekip kwoasi a finn pran meday Bwonz lan nan 22e edisyon mondyal la nan peyi Kata fas ekip Mawòk la (2-1), jodi samedi an. Star ekip Kwoasi a fè yon deklarasyon sou avni li nan seleksyon an e kwè se denyè  mondyal li.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ekip Kwoasi a rive bat ekip Mawòk la nan ti final la (2-1) nan Khalifa Stadium nan epi fini 3e nan konpetisyon an aprè yo te fini 2e nan mondyal ki te fèt nan peyi Larisi. Aprè rankont sa, Luka Modric anonse l ka mete fen nan karyè entènasyonal li.

” Se kapab denyè mondyal mwen, men m poko ka di anyen. M kontan anpil pou karyè mwen ak Kwoasi. Nou gen yon bèl avni devan nou. M vle rete pou jis Lig nasyon an rive epi aprè sa n ap konn sa n ka fè.” Deklarasyon nimewo 10 Kwoasi a.

N ap raple ekip Kwoasi a gen pou l jwenn nan denyè kare Lig nasyon an nan mwa mas 2023. Posibilite pou Luka Modric al eseye chache yon tit pou seleksyon li an.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Luka Modrić