Mondyal 2022 : Ronaldinho fè konnen Brezil ap sipote Lafrans pou final la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
mondyal 2022 ronaldinho fè konnen brezil ap sipote lafrans pou final la

Ansyen koyekipye Messi a nan FC Barcelone fè konnen sou RMC Sport, avan kokenn chenn final sa ki opoze Frans ak Ajantin nan mondyal la dimanch, Brezil ap sipotè ekip Frans lan olye ekip Ajantin. Yon deklasyon ki pap fè sipotè yo plezi ditou.

Ansyen jwè Brezilyen an pa montre l diferan ak anpil lòt brezilyen ki pare pou sipotè ekip Frans la demen dimanch man, nan final mondyal la nan peyi Kata. Se sou RMC Sport Ronaldinho fè konnen tout Brezil dèyè ekip Frans la, sa montre à klè kijan rivalite a fò and 2 nasyon nan kontinan amerik la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

 » Gen anpil brezilyen ki pou ekip Frans lan, rezon an senp, se paske rivalite a anpil ant 2 nasyon yo, epi anpil moun renmen Mbappé nan peyi Brezil » pawòl ansyen jwè Barcelone nan, nan mikro RMC Sport.

Yon deklasyon ki pap fè sipotè ajanten yo plezi, ankò plis kapitèn Abiseleste a Lionel Messi.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive