Categories: SANTÉ

Misyon Bato-lopital ameriken USNS Comfort la pran fen nan Jeremi

Share
Responsab Bato Lopital Ameriken USNS Comfort la mete fen ak misyon imanitè yo t ap mennen nan vil Jeremi pandan anviwon yon semèn kote plizyè santèn abitan te benefisye yon asistans sanitè nan kad misyon Pwomès Dirab 2022 an.
An prezans plizyè otorite nan depatman Grandans peyi an, misyon imanitè USNS Comfort la pran fen nan vil Jeremi ayè samdi 17 desanm lan kote pèsonèl sanitè Bato-lopital ameriken an te rive ofri yon sèvis sanitè ak plis pase 1000 abitan nan vil la ak zòn anviwon yo.
Nan seremoni pou mete fen ak misyon imanitè sa, responsab ameriken yo remèt yon lo materyèl sanitè ki evalye a plis pase 300,000 dola ameriken ak responsab Direksyon depatmantal sante piblik Grandans yo, Meri vil la, Direksyon depatmantal Lapolis la, Direksyon APN, Pwoteksyon sivil, san bliye Delegasyon depatmantal Grandans lan.
Byen avan lo materyèl sa, Kòmandman Sid Etazini an, SOUTHCOM, te transfere bay responsab ayisyen yo ak responsab Òganizasyon panamerikèn pou sante yo (OPS) 16 palèt ki gen ladan l 300,000 sachè Solisyon reyidratasyon oral (SRO).
Yon lo materyèl ki te remèt nan yon seremoni ki te dewoule an prezans sousekretè adjwen defans lan, Daniel Erikson, chaje afè anbasab Etazini an Ayiti an, Eric Stromayer, ansanm ak responsab Ministè sante piblik ak popilasyon (MSPP).
Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: USNS Comfort