Categories: AN KREYÒL

Pou pi piti nèf jounalis pèdi lavi yo an Ayiti pandan ane 2022 an

Share
Ane 2022 ki sot pase an se youn nan ane ki te pi vyolan pou sektè près la an Ayiti. Sòti janvye pou rive desanm 2022, genyen pou pi piti nèf jounalis ki mouri asasinen nan peyi an ak yon pakèt lòt ki viktim agresyon nan kad egzèsis fonksyon yo.
Fas ak sitiyasyon ensekirite jounalis yo ap konnen nan egzèsis fonksyon yo nan peyi a dènye tan sa yo kote anviwon yon dizèn mouri asasinen, san konte ka agresyon yo, genyen Sosyete entèramerikèn pou Laprès (SIP) ki mande gouvènman ayisyen an garanti sekirite jounalis yo nan travay yo.
Estrikti rejyonal sa k ap travay pou fè respekte dwa jounalis yo, prensipalman sila yo ki nan rejyon an, denonse move kondisyon travay jounalis yo nan peyi an ki ekspoze ak tout sòt danje kote gen menm nan yo ki viktim abi pouvwa otorite yo an Ayiti.
Sosyete entèramerikèn pou Laprès la envite gouvènman ayisyen an pou garanti libète lapawòl la nan peyi an ki jou aprè jou ap menase pi plis avèk zak k ap poze kont travayè Laprès yo nan peyi an ki deja ap pratike yon metye ki riske.
Estrikti SIP an mande ak tout lòt òganizasyon près nan Amerik la pou eksprime solidarite ak soutyen yo anvè jounalis ak medya yo an Ayiti ki kontinye ap ranpli misyon yo ki se enfòme malgre sikonstans yo.
Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by