Izolan ak Tony Mix deklare yo pa okouran de envitasyon pou reponn kesyon lajistis la 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
izolan ak tony mix deklare yo pa okouran de envitasyon pou reponn kesyon lajistis la 

Depi ayè madi 3 janvye 2023 a, enfòmasyon an ap sikile sou tout rezo sosyal yo kòmkwa Mahotière Thony, ki rekonèt sou non atis li DJ Tony Mix ansanm ak Jean Léonard Tout-Puissant (Izolan), ta dwe reponn kesyon lajistis, aprè yo te ofri pèfòmans yo kòm atis andedan Vilajdedye, chèf gang Izo ap dirije depi yon bon bout tan. Nan yon entèvyou Netalkole Média te mande 2 atis yo granm bonè maten mèkredi 4 janvye a, yo pat mete dlo nan bouch yo pou bay opinyon yo epi pote kèk limyè anplis sou dosye sa a. 

Mahotiere Thony (Tony Mix)  te apenn leve nan kabann li lè nou te kontakte l, daprè atis la, li menm tou li wè plizyè tweet depi yèswa sou envitasyon pou l ta reponn kesyon pakè pòtoprens.  » Mwen wè l sou nèt la »  poze l kesyon si li resevwa envitasyon repons li se te « m pa konn bagay sa ».  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jean Léonard Tout-Puissant (Izolan), pa t refize apèl nou sou dosye a, atis la fè konnen li pase nwit 3 janvye a ap viv rimè reponn kesyon lajistis la sou rezo yo, nou te mande l si li te resevwa envitasyon nan men responsab jidisyè yo, « non mwn pa jwenn bagay konsa ».  Li te kontinye pou l di, lajistis paka rele l pou poze l kesyon paske, li te al jwe pou fanatik li ki abite nan geto oubyen bandi ak zam, « poukisa yo pa t rele tout lòt atis kite al jwe yo ?  » li te konkli konsa. 

Toutfwa Izolan fè konnen li prè epi dispoze ak nenpòt moman an pou l ta reponn kesyon lajistis, si toutbon yo ta anvizaje konvokoke l pou reponn kesyon. 

Kijan avoka yo wè dosye sa a anba zye lajistis ?  

Lajistis, jan yo rele l la  » la femme aux yeux bandés », genyen touch pa li sou jan de dosye sa yo, se pap yon pwoblèm si toutbon 2 atis yo ta konvoke paske pyès moun pa gen pye sou lajistis men se fason sa pral fèt la, nou te pèsiste kontakte Komisè Pòtoprens lan, mèt Jacques Lafontant sou dosye a, malerezman telefòn li te sone san repons, malgre li te li mesaj nou li te deside pa reponn. Nan sans  sa a, nou te kontakte Mèt Arnel Remy, youn nan avoka k ap egzèse pwofesyon li andedan palè jistis Ayisyen an, daprè deklarasyon li yo, atis yo fè yon gwo erè lè yo deside jwe pou yon bandi ki gen avi rechèch dèyè l, toutfwa li di li konprann presyon ak menas atis yo sibi fas ak chwa sa yo.  

Mèt la te apenn rive nan pakè Pòtoprens lè nou te kontakte l, nou te vle konfime si pakè te emèt tout bon yon envitasyon konsa,  li te reponn  » Mwen paka konfime si atis yo te resevwa envitasyon an, se sou nèt la mwen tande sa tou, men se pap yon move entansyon, paske lajistis gen dwa sa depi yo soupsyone yon sitwayen ».  

Mèt la nan fen entèvyou a te pwofite denonse fason lapolis trete akizasyon Kimberly Durosiers a, jenn enfliyansè epi mannken pwofesyonèl DCPJ arete kòmkwa li ta nan konivans ak bandi nan zòn Mòn Laza yo.  » Arestasyon an lojik men pibliye foto l kòm gang oubyen alye gang san ankèt poko fini an se yon vyolasyon dwa li ye » 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.