Teworis Shebab yo kontinye ap frape fò nan peyi Somali, kote yo tiye prèske yon ventèn moun nan 2 atak jodi mèkredi 4 janvye 2023 a.
Mohamed Moalin Adan, yon kòmandan somalyen ki fè pati yon milis rapòte bay Ajans Frans Près (AFP) genyen 19 moun ki mouri nan kè Somali, pi presizeman nan pwovens Hiran ki ak anviwon 300 kilomèt kapital la Mogadisyo, kote depi plizyè mwa genyen atak k ap mennen kont Shebab yo la.
AFP rapòte se plizyè milis ki fè klan, epi lame Somali a mete ansanm ak yo, pou konbat teworis Shebab yo.
Nan atak jodi a genyen plizyè manb fòs sekirite teritwa ki mouri. Yon lòt kote genyen yon senkantèn moun ki sòti blese nan eksplozyon yo. Shebab yo revandike atak la epi fè konnen yo te vize baz militè ki nan lokalite Maha yo.
Teworis yo sote 2 machin ak bonb tou pre yon baz militè vre. Malgre kriminèl yo ap pèdi teritwa, nouvo atak sila montre yo gen kapasite toujou pou yo fè viktim atravè atak y ap mennen.
N ap raple, Shebab afilye ak Al-Qaïda. Y ap batay kont gouvènman federal la depi lane 2007. Gouvènman sila jwenn sipò kominote entènasyonal la pou fè fas ak yo.
Yo te rive chase teworis sila yo ant 2011 ak 2012 nan prensipal vil peyi a, men yo kanpe byen djanm ap dirije zòn riral yo, jiskaprezan okenn atak pa rive brannen yo.
Facebook Comments