Categories: AN KREYÒL

Sèl Mario Zagallo ki rete nan jwè ki te pran Mondyal 1958 la ak Brezil

Share

Aprè lanmò Pelé (82 lane), Mario Zagallo se sèl jwè ki rete nan tout jwè ki te pran Mondyal 1958 la ak Brezil, li gen 91 lane. Li te pran Mondyal 1958, 1962 bò kote Pelé, aprè li ta pral chanpyon Mondyal 1970 la kòm antrenè, menm jan ak Franz Beckenbauer ak Didier Deschamps fè l.  

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Zagallo youn nan lejann Brezil yo, se sèl jwè ki kontinye ap viv nan tout jwè ki te pran Mondyal 1958 la.  Se premye moun ki pran mondyal  kòm jwè (1958, 1962) epi antrenè (1970), yon paj istwa li ekri nan jwèt la avan Alman Franz Beckenbauer (1974 ak 1990) epi Fransè a Didier Deschamps (1998 ak 2018).  

Lejann brezilyen an se sèl moun ki fè 5 final Mondyal kote li pèdi yon sèl kont ekip Frans lan nan lane 1998, lè sa li te antrenè. Pi bèl mondyal Zagallo se nan lane 1970, ki te fèt nan peyi Meksik, kote li te gen yon ekip bèl jwè nan efektif li: Pelé, Jairzinho, Tostao, Gerson, Rivelino pou n site sa yo. Bèl ekip Brezil sa ta pral pran 3zyèm mondyal li. 

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by