Ansyen gouvènè jeneral peyi Kanada a, Michaëlle Jean, ki te pami siyatè lèt tou louvri sa ki pibliye nan kòmansman semèn lan sou sitiyasyon Ayiti an, fè konnen peyi rich yo, prensipalman Kanada, dwe pran responsablite yo anvè Ayiti k ap deperi.
Michaëlle Jean ki se ayisyen nan orijin, fè konnen peyi rich yo dwe admèt tout erè yo fè an Ayiti yo nan tan pase yo epi fè presyon sou elit yo nan peyi an pou jwenn yon solisyon ak kriz imanitè sa k ap ravaje Ayiti nan moman an la.
Ansyen gouvènè jeneral la lonje dwèt sou peyi Kanada ki, daprè sa l fè konprann, gen responsablite nan sa k ap rive Ayiti jounen jodia nan mete sou pye anndan peyi an yon politik ekonomik pou rann Leta fèb epi nan depòte yon seri kriminèl ki vin ap bay pwoblèm nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan.
Madam Jean mande pou gen bon jan enstitisyon anndan peyi an kote se ayisyen k ap gen pou dirije, pou fini ak politik ekonomik ki vize sèlman eksplwate travayè yo, epi ranfòse mezi pou sanksyone dirijan konronpi k ap soutni gwoup ame yo.
Ansyen gouvènè a ki te siyen dokiman sa ansanm ak divès lòt pèsonalite sou kontinan afriken an pou mande èd ak kominote entènasyonal la pou Ayiti an kwè, toutfwa, solisyon an ap sòti nan yon konsansis politik ant tout aktè yo nan sosyete an san retire pèsòn, menm premye minis defakto Ariel Henry.