Categories: SECURITE

Sosyete sivil la nan Latibonit fè sou-komisarya Dezam nan kado 2 dwòn pou konbat bandi yo

Share

Nan okazyon inogirasyon sou-komisarya Dezam nan, nan depatman Latibonit, divès manb nan sosyete sivil la bay lapolis 2 dwòn pou yo ka mennen operasyon pi byen kont bandi yo k ap opere nan lokalite sila ki chita kò l nan zòn Verèt. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Sosyete sivil la fè fòs lòd yo ki afekte nan sou-komisarya sila kado lòt materyèl toujou nan lide pou rann yo pi konfòtab nan zòn nan. Sou rezo sosyal li yo, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè lwanj pou jès sila ki rantre nan kad koperasyon ant enstitisyon an ak popilasyon an.  

Se sou enstriksyon Direktè Jeneral Polis Nasyonal la, Frantz Elbé reyalizasyon gwo evenman sila rive fèt, se sa Sèvis Depatmantal kominikasyon Latibonit la fè konnen. 

Se Direktè Depatmantal, Jean Bruce Myrtil ki te prezante DGPNH la nan kad inogirasyon sila, epi li te tou pwofite felisite sosyete sivil Dezam nan pou bèl jès sila. 

N ap raple ouvèti sou-komisarya Dezam nan yon lòt fwa ankò rantre nan kad estrateji Direktè Jeneral Frantz Elbé mete kanpe pou kouvri tout espas teritoryal kote ki pa t gen polisye yo epi bandi fè nich yo la. Yon plan li te mete kanpe depi 20 novanm pase a.  

 

N ap raple, atravè yon kominike pou laprès, ekip Kowòdinasyon Près ak Relasyon Piblik (CPRP) PNH la te rapòte nan fen ane pase, nouvo Direktè Depatmantal Latibonit la, Komisè Divizyon Jean Bruce Myrtil te sèmante “pa gen anyen ki ilegal ki ka travèse teritwa li a”, kit se dwòg, zam oswa minisyon. 

 

 “Tout moun ki rantre nan gang gen pou chwazi youn nan 3 M sa yo (Mawon – Mare – Mouri).  Swa yo mawon, swa lapolis mare yo, swa yo mouri nan afwontman ak Lapolis)”: se te pawòl Jean Bruce Myrthil. Depi lè li rive nan tèt Direksyon Jeneral Latibonit la DDA pa sispann mennen atak kont gang yo epi arete plizyè nan yo deja.  

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by