Gouvènman domiken an entèdi ekspòtasyon ze an Ayiti pandan 15 jou 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
gouvènman domiken an entèdi ekspòtasyon ze an ayiti pandan 15 jou 

Gouvènman dominiken  an fè konnen jodi jedi  5 janvye 2023 a li  pral entèdi ekspòtasyon ze an Ayiti pandan 15 jou k ap vini yo. Daprè sa gouvènman an  fè konnen entèdiksyon sa a ap kòmanse demen vandredi 6 janvye a, a 6zè nan aswè nan lè dominiken an. 

Gouvènman peyi vwazen an  espeyalman Prezidan Luis Abinader, nan yon konferans pou laprès jodi 5 janvye a te  fè konnen yo pran desizyon sila a, nan objektif pou evite ogmantasyon pri ze a nan  Repiblik Dominikèn. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Bò kote pa l, Joel Santos, Minis Prezidans lan ki te prezan nan konferans pou laprès la te fè konnen nan yon reyinyon ki te fèt yè Mèkredi 4 janvye a, nan Konsèy Nasyonal pou Sekirite Manje a, yo te pran desizyon pou entèdi ekspòtasyon ze  al Ayiti pandan 15 jou. « patikilyèman atravè fwontyè a. » 

Mete sou sa a, Minis dominiken an te di tou objektif prensipal la se eseye rebalanse demann ak ekipman pou evite yon ogmantasyon enpòtan nan pri sektè ze a, tout pandan li te mansyone pri katon ze yo sou tè peyi vwazen an. 

Li enpòtan pou nou konnen Ayiti konsome pwodwi ki soti nan peyi vwazen an anpil, sa ki vle di anpil sektè nan peyi Repiblik Dominikèn ap pwodwi pou Ayiti, se sak fè Prezidan dominiken an di premye bagay li pral fè se pwoteje konsomatè dominiken yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.