Categories: AN KREYÒL CULTURE

Chèf vodou Ayisyen an mande Leta pou l entegre vodou nan bidjè nasyonal la

Share

Atravè yon nòt pou laprès li pibliye 6 janvye 2023 a, responsab sèvis Vodou ayisyen an (CVH), bòkò Cedral Noelus, mande Leta ayisyen an, atravè Ministè sèvis yo, pou l entegre sektè vodouyizan an nan bidjè nasyonal la.  

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Bòkò Cedral Noelus afime li fè demann sa a nan non chèf sèvis vodou, kòm moun ki prete sèman devan jistis ayisyen an nan dat ki te 16 novanm 2018 pase a, daprè memorandòm Ministè sèvis yo, ki te pibliye 2 jen 2017 ak Ministè jistis, 21 jiyè 2017.  

Anplis de sa, li presize tou, depi dat li prete sèman an, vodouyizan yo pa wè ni benefisye okenn efò ministè a te fè nan kalandriye li. Toutfwa, daprè nòt pou laprès li pibliye a, vodou se yon zouti sakre zansèt nou yo te sakrifye yo pou inisye.  

Li pwofite swete tout konpatriyòt li yo, yon bòn lane batay, pandan l ap mande yo limen bouji yo pou yo ka chèche jistis nan men lanati ak bon direksyon pou peyi a. 

 

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by