Categories: AN KREYÒL INSECURITE

Kwadèboukè : bandi touye epi kangrennen yon nonm akòz kouzen l ki te sasinen yon bandi

Share

Ayè Madi 10 janvye 2023 a, gwoup gang 400 Mowozo yo te kreye yon sèn kriyèl nan kè mache Kwadèboukè a. Yo touye epi kangrennen yon nonm akòz yon kouzen l ki te touye youn nan manm 400 mawozo yo epi ki te tou chape poul li nan yon lokalite ki rele Bèl Fontèn. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Se yon istwa ki kreye yon gwo tole nan komin enkontwolab sa a, daprè kèk temwen viktim nan pa gen anyen pou wè ak zak kriminèl alevwa pou l ta bandi. Non viktim nan pa devwale, toutfwa plizyè abitan komin sila a ki konnen istwa a rakonte, Krim sa a ta dwe yon règleman kont. “Wi, se Mesye ak zam ki soti nan 400 Mawozo yo ki komèt krim nan sou jennonm nan”, te deklare yon machann bò lari a. 

“Pi move pati nan tout sèn nan, yo bat li,  mete l nan dife, yo krache sou li jourel tankou li te yon kanibal.” te plenyen yon sitwayen. 

Kwadèboukè vin tounen chak jou ki pase yon komin pyès moun paka abite ladan l, gwoup malfwa Lanmo san jou, ap kòmande a kontinye ap teworize popilasyon an, ki chak jou temwen zak sasinay ak sèn kriminalite yo anba je yo, toujou anba enkapasite Polis Nasyonal Dayiti a (PNH), ki pa kapab retabli lapè nan estratejik sa a. 

 

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by