Categories: AN KREYÒL IMMIGRATION

Biwo imigrasyon yo debòde ak moun ki vin met dokiman yo a jou pou yo ka kite peyi a

Share
Depi aprè administrasyon Biden-Harris nan fin bay pèmi imanitè k ap pèmèt 30 mil moun ki sòti Ayiti, Nikaragwa, Venezyela ak Kiba rantre Ozetazini legalman, chak jou plizyè santèn moun pran lari ak yon sèl objektif: al met dokiman yo a jou pou yo ka jwi opòtinite sa koutkekout.
Chak jou kantite moun k ap rantre sòti nan biwo imigrasyon ki Lali a pa sispann gwosi. Yo vin jere zafè paspò yo, pami lòt dokiman, nan lespwa yo va chwazi yo. Moun ki seleksyone yo ap gen bezwen paspò a pou yo fè vwayaj la ; y ap kapab travay pandan 2 zan Ozetazini si yo jwenn sipò epi si dosye yo pa gen okenn antesedan, se poutèt sa demand lan ogmante konsa.
Plizyè nan moun sila yo fè konnen « yo prefere kite peyi a, paske li pa p chanje, pa gen okenn espwa pou yo ak fanmi yo la ».
Gen lòt ki deklare « yo pito pase pa pwosesis “Humanitarian Parole” la pou yo rantre kay Tonton Sam, olye yo al riske vi yo sou lanmè pou bay reken pote chay ».
Aktyèlman fè yon paspò, renouvle oubyen rekipere li se yon veritab tèt chaje, tèlman genyen moun k ap batay pou fè sa, daprè konsta n fè. Anndan kou deyò plizyè biwo sèvis imigrasyon sitiyasyon an difisil pou jere.
Toutfwa deja gen Ayisyen ki deja kòmanse jwenn otorizasyon vwayaj yo nan kad pwogram sila administrasyon Biden mete sou pye pou pèmèt imigran ayisyen, kiben, venezyelyen ak nikaragweyen yo rantre legalman Ozetazini. Anons lan te fèt depi 6 janvye.
Vreman vre, Depatman Sekirite Enteryè Etazini an (DHS) deja bay kèk aplikan pèmi vwayaj, daprè avoka imigrasyon Ameriken Tammy Rae, sou kont Twitter li.
N ap raple, DHS souliyen tou se benefisyè a k ap responsab pwòp vwayaj li nan yon avyon komèsyal. Men desizyon pou kite yon moun aksede ak teritwa ameriken an, se nan men ajan Sèvis Dwàn ak pwoteksyon fontyè Lèzetazini yo (CBP) li ye. Konsène a ka rive sou teritwa men li pa gen aksè pou rantre.
Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by