Jij Walter Wesser toujou sou dosye Jovenel Moïse la malgre Martine Moïse mande depòtasyon I 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
FOTO : RTG

Jij enstriksyon Walter Wesser Voltaire toujou ap ankete sou asasina 58yèm prezidan peyi a Jovenel Moïse, alòske madanm defen an, Martine Moïse, atravè konsèy avoka li, te mande pou lajistis depòte l sou dosye a depi 7 desanm pase. 

« Daprè plizyè enfòmasyon ki rive jwenn viktim ak pwòch defen prezidan, lyen sere w genyen avèk kèk manb pati politik enfliyan ki enplike nan dosye a, pami yo ansyen minis Jistis Paul Denis, ki te nonmen w nan sistèm nan, pa pèmèt ou gen ase serenite pou enstwi dosye yo konfye w la », sa se yon pati nan korespondans yo te voye bay jij la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Avoka ansyen Premyè Dam nan te adrese yo ak jij Walter Wesser kèk jou aprè Sant Analiz ak Rechèch sou Dwa Moun (CARDH) te fè konnen manda li bout. Men malgre sa konsène a, toujou nan dosye asasina a, te odisyone nan novanm 2022 ansyen DG a.i lapolis la Léon Charles, Jean Laguel Civil ak ansyen chèf sekirite Palè nasyonal Dimitry Hérard. Yon odisyon ki te gen anpil chire pit. 

Pou CARDH, k ap obsève ankèt sou asasina ansyen lokatè Palè nasyonal la depi kèk tan, manda jij Walter Wesser Voltaire fini. Li te voye yon nouvo korespondans bay Dwayen Tribinal Premye Enstans Pòtoprens, Bernard Saint-Vil, pou raple l fen manda jij la nan dat 30 dawout 2022 a, an akò ak atik 7 nan lwa 26 jiyè 1979 sou apèl penal la. Yo te deziyen l 30 me 2022 pase.  

N ap raple jij enstriktè Walter Wesser Voltaire se senkyèm jij sou zafè Jovenel Moïse la. Aprè li te genyen Mathieu Chanlatte, Gary Orélien, Chavannes Étienne, Merlan Belabre: youn pa pote yon avanse konsiderab ak ankèt la.  

7 janvye ki sot pase la bay 18 mwa depi mèsenè ayisyen, ameriken ak kolonbyen te wete lavi ansyen prezidan Jovenel lakay li nan Peleren 5, nan komin Petyonvil, jiska jounen jodi a malgre divès arestasyon ki fèt nan zafè sila, « Jojo kontinye dòmi deyò ».  

Genyen 2 nouvo arestasyon ki fèt nan fen lane 2022 a, nan referans ak Faustin Miradieu, ki se yon ansyen militè ak chèf sekirite yon antrepriz komèsyal, epi Enspektè divizyonè Emmanuel Louis, ki afekte nan komisarya Delma. 

18 mwa aprè asasina mari l, Martine Moïse kontinye ap mande jistis. Ansyen Premye Dam nan poko janmen ka fè dèy li depi aprè asasina Jovenel Moïse. 

7 janvye ki sot pase la, vèv la pat rate okazyon pou mande jistis pou prezidan asasinen an epi idantifye klèman nan yon twit rezon ki fè ansyen lokatè Palè nasyonal la jwenn lanmò l nan yon fason trajik konsa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Fòs fè nwa touye Prezidan #JovenelMoise paske li fè Leta sispann peye blakawout, sifaktirasyon wout elatriye. Malgre tout sabotaj yo,18 mwa apre, pèp #Haiti kenbe flanbo jistis la pi wo”, se sa li te ekri bò 2 zè 59 nan aprèmidi pandan l te fini mesaj li a ak yon “hashtag” #JistisPouJovenel.  

N ap raple, ayè mèkredi 11 janvye a, youn nan enplike nan lanmò « Nèg Bannann nan », Ayisyen-Ameriken James Solages t al reponn kesyon jij Walter Wesser Voltaire nan kad ankèt sou lanmò chèf Leta 53 lane a.  

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.