Categories: AN KREYÒL SOCIÉTÉ

Sou 11,718 prizonye an Ayiti sèlman 1,935 deja jije epi kondane

Share
Daprè òganizasyon sosye sivil k ap defann epi fè pwomosyon dwa moun an Ayiti « Jistis ak Solidarite », genyen anviwon 10 mil prizonye nan diferan sant kaseral yo anndan peyi an ki pa janm pase devan jij pou jwenn kondanasyon yo.
Òganizasyon k ap defann dwa moun lan ki t ap kondane ogmantasyon to detansyon prevantiv pwolonje an nan peyi an fè konnen sou 11,718 moun ki anndan diferan prizon yo, genyen sèlman 1,935 ki jije epi kondane, sa ki bay plis pase 83% prizonye ki pa janm jije.
Òganizasyon Jistis ak Solidarite (JS) regrèt dèske an Ayiti sitiyasyon detansyon prevantiv pwolonje an parèt kòm yon bagay nòmal kote si w pa gen lajan pou w bay nan aparèy jistis la ak si yon dosye pa medyatize jistisyab yo riske rete kwoupi nan prizon pandan lontan.
Nan mwa desanm ki sot pase an, responsab Direksyon administrasyon penitansye an te fè konnen nan diferan prizon yo an Ayiti genyen sèlman 16,5% prizonye ki te pase devan jij epi kondane.
Nasyonzini te deja ale nan menm sans lan pou lanse alèt la sou sitiyasyon prizon yo Ayiti ki jounen jodia okipe ak 4 fwa plis moun konpare ak kantite yo ta sipoze resevwa, san konte manje ak swen sante administrasyon sant kaseral yo pa an mezi ofri prizonye yo.
Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by