PNH mete anba kòd 3 moun yo sispèk nan asasina polisye Wilson Presumé 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pnh mete anba kòd 3 moun yo sispèk nan asasina polisye wilson presumé 

Ekip kominikasyon Lapolis nasyonal Ayiti a rapòte  yo arete ayè Jedi a 2 moun nan Lilavwa 10 ak Lizon epi yo te konfiske zam sèvis yon polisye asasinen, 2 moun sa yo te genyen sou yo.  

Yo se Jean Romain Aristide, ki fèt 23 dawou 1974 nan Valyè ak Jean Kendy Alexandre ki fèt 15 fevriye 1988 nan Pòtoprens. Yo te arete  2 jenn bray sa yo pou posesyon ilegal yon zam dife. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Non yon nòt pou laprès, enstitisyon polisyè a pibliye maten an, li fè konnen endividi sa yo sispèk tou nan asasina polisye Wilson Présumé, yon ajan 2, manm 22yèm pwomosyon, ki te plase nan Brigad Entèvansyon Motorize (BIM). 

Yo te jwenn tou  zam polisye a, yon pistolè Toris (Taurus) ak nimewo seri TFX -46904, ansanm ak chajè  li ki gen 7 katouch ladan l.  « Yo mete yo nan prizon pou swivi ankèt la », te presize ekip kominikasyon PNH la. 

N ap raple Polisye Wilson Presumé te touye anba men  bandi ak zam sou Wout Nasyonal nimewo 3, nan dat ki te 17 novanm 2022. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.