Categories: NÉCROLOGIE

Nicole Saint Victor, chantè epi pwofesè mizik, rann dènye souf li

Share
Chantè epi pwofesè mizik ki pote non Nicole Saint Victor rann dènye souf li nan dat samedi 21 janvye 2023 a, aprè li te fin soufri ak yon maladi, daprè anons MCC a.
Ministè kilti ak kominikasyon an (MCC) epi òkès filamonik Sen trinite a, te enkline yo pou yo salye disparisyon pwofesè mizik lan ki make pasaj li nan peyi Ayiti kou lòt dlo. Li se yon gran soprano entènasonal, li kòmanse chante depi lè l te tou piti.
“Li se yon atis ou pa jwenn fasil ki make vi anpil sipòtè pandan konsè li yo, presizeman òkès filamonik Sen trinite.
Li te yon moun ki te trè jenerez epi egzijant ki te tansmèt pasyon pou mizik epi chan, espesyalman pou elèv li yo” daprè yon nòt ministè kilti a te pibliye.
Daprè Direktè lekòl mizik sen trinite a, Pè Joseph Kerwin Délicat, se yon gwo defisi pou peyi a. Ministè lekòl sen trinite a te pwofite prezante senpati yo ak fanmi an, se yon nouvèl ki afekte zanmi ak elèv Mme Saint Victor. Fineray la ap anonse nan jou k ap vini la yo.
Kethia Saint Marc

Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.

Leave a Comment
Published by