Categories: AN KREYÒL INSECURITE

Moun Kafoufèy anba gwo menas gang

Share
Moun nan katye Kafoufèy ap viv anba gwo menas bandi Gran ravin depi plizyè jou aprè chèf gang Ti lapli te sòti nan silans li pou denonse lanmò plizyè moun, pami yo 7 fanm ki sòti lakay li, anba men lapolis.
Aprè divès sitiyasyon difisil moun Kafoufèy t ap fè fas, patikilyèman nan fen lane 2022 a avèk atak bandi menm klan te fè nan Savann pistach, jounen jodi a kriminèl Gran ravin yo k ap batay pou pran plis teritwa nan rantre Sid kapital la, fè konnen nan pa twò lontan y ap bay lapolis yon repons atravè yon atak sou Kafoufèy.
Nan plizyè mesaj odyo, ki prezante kòm vwa nimewo 1 gang Gran ravin nan Ti lapli, nou ka tande òlalwa a k ap pwomèt l ap pase alaksyon pa twò lontan. Sa ki lakòz plizyè abitan kite zòn Kafoufèy oubyen limite deplasman yo pou yo pa viktim.
Nan swaf yo, pou kontwole plis teritwa, bandi ak zam kap opere nan twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan pa moli.
Kafoufèy se youn nan zòn ki pa epanye anba mechanste kriminèl yo. Depi 11 novanm 2022, bandi Gran ravin ap malmennen popilasyon k ap viv nan katye sila a, plizyè moun ak kay pase anba flanm dife bandi sila yo. Malgre apèl ki lanse bay Polis Nasyonal Dayiti a (PNH) anyen pa fèt paske menm polisye viktim anba men kriminèl san fwa ni lwa sa yo.
Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by