Categories: AN KREYÒL POLITIQUE

Wo Konsèy Tranzisyon an ap enstale nan pozisyon l semèn k ap vini an

Share
Biwo Primati a fè konnen nan yon nòt pou laprès ki rann viral ayè 30 janvye 2023 a, Premye Minis Ariel Henry pral enstale 3 manm pou dirije Wo Konsèy Tranzisyon an (HCT), yon enstalasyon dapè premye minis lan, k ap fèt nan kòmansman semèn pwochèn.
Daprè nòt sa a, Lokatè Primati a rankontre, lendi 30 janvye 2023 sa a, ak  konstitisyonis la Mirlande Hyppolite Manigat, Laurent Saint-Cyr ak Calixte Fleuridor, yo twa (3) ki fòme Wo Konsèy Tranzisyon an (HCT).
Pandan rankont sa a, anpil bagay te pale, espesyalman sijè nan enterè popilasyon Ayisyen an te diskite ant patisipan yo nan reyinyon sila a.
N ap raple, non 3 manm HCT yo ki se: Mirlande Hyppolite Manigat, Laurent Saint-Cyr ak Calixte Fleuridor, te pibliye nan jounal naysonal Monitè a nan dat 3 janvye 2023 pase a.
Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by