Categories: SPORTS

Yon twazyèm defèt youn aprè lòt pou Paris Saint-Germain

Share
Nan okazyon uityèm final ale Champions League la, Paris Saint-Germain ki t ap resevwa Bayern Munich ayè madi 14 fevriye a nan Parc des Princes lan, tonbe yon gòl a zewo gras ak Kingsley Coman.
Parizyen yo ki pa p twò byen mache pandan sezon an, prensipalman depi repriz aktivite foutbòl yo aprè mondyal la, anrejistre yon twazyèm defèt youn aprè lòt avèk match sa yo pèdi nan okazyon uityèm final ale Champions League la fas Bayern Munich.
Depi gwoup envestisman Katari an pran tèt ekip la, Paris Saint-Germain pa t janm konnen yon move seri konsa avèk 3 defèt youn aprè lòt. Dènye fwa sa te rive yo, se te nan lane 2011 avèk Nancy, Marseille epi Salzbourg nan Europa League.
Depi repriz yo aprè Koup Dimond lan, Paris Saint-Germain pa sispann fè move rezilta. Sou 11 dènye match yo jwe pandan ane 2023 a, ekip Galtier a genyen yon bilan katastwofik avèk 5 defèt, yon match nil epi 5 viktwa. Sou tout ane 2022 a, PSG te pèdi sèlman 4 match.
Parizyen yo k ap gen pou deplase al nan Allianz Arena a pou jwe uityèm final retou Champions League la, gen obligasyon pou bat Bayern Munich pou kapab rete nan konpetisyon an. Annatandan, y ap gen pou resevwa Lille ki li menm nan yon bèl seri 4 match san pèdi.
Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by