Categories: INSECURITE

2 anplwaye Sant Gheskio kidnape nan plen 14 fevriye a

Share
Pandan tout moun ap jwi Sen Valanten, Bandi ak zam rive kidnape ayè madi 14 fevriye 2023 a, 2 anplwaye Sant Gheskio, nan sant vil Pòtoprens lan, pandan yo t ap sot nan aktivite travay yo nan aprèmidi.
Kettia Juste, travayè Sant kominotè ak Doktè Carl Frédérick Duchatelier, se non 2 anplwaye Sant Gheskio sa yo bandi ak zam kidnape gran lajounen madi 14 fevriye a, pandan yo fin kite espas travay yo, pou pran direksyon lakay yo.
Se sak fè, Kòm repons, epi nan lide pou mande liberasyon moun sa yo k ap sove lavi anpil moun nan popilasyon Ayisyen an, responsab sant GHESKIO yo menase pou yo sispann aktivite yo nan Pòtoprens, apati jodi mèkredi 15 fevriye 2023 sa a.
Nou dwe note, se pa Premye fwa anplwaye sant Gheskio ap sibi zak kidnapin depi ane a kòmanse a,  nan dat ki te 9 fevriye 2023 a , bandi ak zam  te kidnape Doktè Karine Sévère pandan l t ap prepare l pou l kite lokal enstitisyon an pou l antre lakay li, doktè a ki te pase yon jou nan men kidnapè yo, te erezman jwenn liberasyon l.
Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by