Kanis soti nan klozèt li, epi sakaje entènèt la

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
kanis soti nan klozèt li, epi sakaje entènèt la

Pandan tout moun t ap afiche yo ak mennaj oubyen madanm yo pandan fèt Sen Valanten an, Niska Garoute anpil moun konnen sou non atis li Kanis, te sekwe entènèt la ayè madi 14 fevriye a, aprè li te fin pibliye yon videyo li menm ak mennaj li ki gen menm sèks ak li.

Se sou Instagram, atis la te pibliye videyo a, plizyè sekans nan videyo a montre Kanis ak bobout li ki t ap fè womans, anbyans lan ki nan videyo a montre 2 moun yo pataje menm santiman epi menm fyète tankou se te yon gason ak yon fanm ki t ap fè l… pou anpil moun ki t ap gade videyo a sou rezo sosyal yo, imaj la depase ՙՙles bornes՚՚, kòmantè yo pa t piti, si nan kèk nan odyans atis la pa t apresye piblikasyon oryantasyon seksyèl li, pou sèten lòt, atis la fè yon chwa ki koresponn ak moun li ye a epi sa santiman l vle degaje a paske, li gen dwa sa kòm moun.

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

View this post on Instagram

 

A post shared by @kanis

Anpil enfliyansè sou rezo sosyal yo, animatè radyo enfliyan, chantè elatriye… pote soutyen yo ak jenn rapè fanm nan, ki devwale oryantasyon seksyèl li san kache men voye wòch, daprè kèk nan yo, gen anpil atis k ap tchyoule kò yo ak moun ki gen menm sèks ak yo an kachèt, ki diferan pou Kanis ki deside soti nan klozèt la san entimidasyon.

Sitiyasyon Kanis lan montre kisa ?

Enpresyon yo sou piblikasyon Kanis lan montre Ayiti poko prè pou admèt ak oryantasyon kèlkeswa moun nan, kit li seksyèl oubyen yon lòt, Kanis renmen ak yon fanm parèy li, paske se konsa li santi l alèz, se nan sa li pran plezi, se la kè l gide l, fè pati tranch LGBT an Ayiti, se tankou ou te touye yon moun, tèlman yo enkrimine w, alòske chak moun granmoun lakay yo nan sèten chwa.

Si anpil moun pa chwazi pwone oubyen pratike zafè madivin ak masisi pou rezon relijyon oubyen yon lòt, anpil lòt pa negosye ti niche dwèt yo paske daprè yo, se menm sansasyon an ki pataje lè yo ak yon moun ki pa gen menm sèks ak yo.

Respekte oryantasyon seksyèl yon moun, se yon batay ki tanmen nan peyi Lafrans depi mwa me 1968, isit an Ayiti, li pa janm fasil pou yon moun ki souvan rele zepòl kase ak manjèt fèy jwenn apresiyasyon yo, paske pou Ayisyen yo se yon kontèks ki san vale epi ki vyole kòd kreyasyon imanitè a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.