Categories: AN KREYÒL INSECURITE

Kidnapin: yon epidemi Ayisyen

Share
Pami zak laterè ak krim yo, plizyè ka kidnapin te anrejistre nan dènye jou yo nan zòn metwopolitèn kapital la, Pòtoprens.
Ayè Jedi 16 fevriye 2023 sa a, bandi ak zam te kidnape ansyen senatè Grandans lan, anba banyè pati politik Fanmi Lavalas, Doktè Louis Gérard Gilles, nan Delma 103.
Lidè Nouvo Oryantasyon pou Liberasyon Ayiti a (NOULHA), Doktè Louis Gérard Gilles, te kidnape devan klinik li nan Delmas 103. Apre kidnapin lan, bandi yo te kapab ale san okenn difikilte.
Kettia Juste, travayè Sant kominotè ak Doktè Carl Frédérick Duchatelier, se non de (2) anplwaye Sant Gheskio bandi ak zam kidnape madi 14 fevriye sa a, pandan yo fin kite espas travay yo, pou pran direksyon lakay yo.
Jounalis  Jean Thony Lorthe te kidnape nan Laboul 12 pa manm gang ame  “Ti Makak” yo, ki ap mande yon ranson 200,000 dola ameriken pou lage l.  Yon gwo sòm fanmi li pa genyen.
Istoryen Pierre Buteau, ansyen Minis Edikasyon Nasyonal ak Prezidan Sosyete Istorik Ayisyen an te kidnape nan rezidans li nan Tomasen 32, nan dat ki te 24 janvye 2023 a.
Vrèman vre, kidnapin se yon epidemi k ap ravaje popilasyon ayisyèn nan, yon epidemi ki blayi sou tout teritwa Ayisyen an, kote  pèsonn  pa epanye.
Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by