Categories: AN KREYÒL SPORTS

Dosye abitraj, prezidan Barcelone lan nan kouri nan peyi Lespay

Share

Jodi lendi a prezidan Liga a Javier Tebas, mete gwo presyon sou prezidan FC Barcelone lan Jaon Laporta, pou koze lajan ki te vèse bay José Maria Enriquez Negreira, ki se ansyen vis prezidan komisyon k ap jere abit yo nan peyi Espay. Dosye a fin gaye nèt nan peyi espay. Si prezidan Barcelone lan pa bay esplikasyon sou dosye a, l ap oblije demisyone. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

 

Aprè 5 jou, medya espanyòl yo AS ak Cadena te fin lage dosye ki konnen Barcelone te bay plis pase 1 milyon ero ak José Maria Enriquez Negeria, ki se ansyen vis prezidan komisyon abit yo nan peyi Espay, kòb sa te ale sou kont yon sosyete ki rele DASNIL 95.  

 

Javier Tebas ki se prezidan Liga a, konnen jodi lendi a si prezidan an pa bay esplikasyon sou dosye a  l ap oblije demisyone nan tèt ekip Barcelone nan.  

Si Joan Loporta paka esplike dosye Negreira byen, l ap oblije demisyone” se sa prezidan Liga a deklare

 

Semèn pase a Javier Tebas te konnen Barcelone pap ka tonbe anba sanksyon ak sa ki gen pou ak espò, men fòk jiridiksyon penal la fin mennen ankèt li pou Liga a kote pa l kapab deside

 

Apre As ak Cadena te konnen sòm lajan an te 1,4 milyon ero, yon lòt jounal El Mundo konnen kòb la se 6 milyon. Menm kotidyen sa konnen se pa sèlman 2016 ak 2018, Barcelone ap bay kòb konsa, se depi 2001.

 

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by