Categories: AN KREYÒL INSECURITE

Bandi kidnape yon jenn antreprenè nan Delma 31

Share

Robenson Jean, se non yon jenn antreprenè bandi ak zam kidnape nan komin Delma, pi presizeman nan zòn Delma 31, depi 17 fevriye 2023 pase a, alòske li t ap rann li nan aktivite l kè pòpòz.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

 

Swit ak anlèvman l, otè zak yo mande 200 mil dola ameriken pou liberasyon òm dafè a, se sa jounalis  Lunie Joseph rapòte sou paj Twitter li. Toutfwa li pa t an mezi pou bay plis detay sou sitiyasyon an.

 

Plizyè jou aprè anlèvman li, Robenson Jean toujou nan men kriminèl yo. Pa gen pyès detay anplis ki bay depi lè sa sou zak la.

Kidnapin nan kontinye ap vale teren, e 2023 a pa rete diferan fas ak kriminèl yo k ap simaye laperèz pa bò kote popilasyon an depi plizyè lane. Si fenomèn sila lwen pou frennen, Gouvènman ayisyen an pa bò kote pa l rete kè pòpòz epi ap jere zafè l san gran difikilte epi pa montre volonte l genyen pou rezoud pwoblèm sila.

 

N ap raple genyen Doktè Gérald Gilles ki anba men bandi depi plis pase 5 jou, aprè yo te kidnape l devan klinik li nan Delma 103, yo mande 1.5 milyon dola meriken pou liberasyon l. Epi genyen chèf pwotokòl Palè nasyonal la, Mesye Marc Yves Marie Mazile bandi Gran Ravin kidnape alòske l t al depoze madanm li legliz nan Delma 31.

 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by