Categories: AN KREYÒL SPORTS

Just Fontaine, yon lejann foutbòl fransè an ki tonbe

Share

Mond foutbòl la pèdi jodi mèkredi premye mas lan, Just Fontaine, atakan fransè sa ki gen rekò jiska jounen jodia jwè ki make plis gòl nan yon edisyon Koup Dimond, 13 gòl li te enskri nan mondyal 1958 lan.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Atakan fransè an ki te briye nan mondyal la Swèd 1958 lan avèk 13 gòl li ta pral make sou koulè Lafrans nan Koup Dimond sa, mouri jodi mèkredi an a 89 lane. Just Fontaine rete kòm youn nan jwè ki make mond foutbòl lan.

Just Fontaine ki te jwe nan chanpyona fransè an nan Stade de Reims sòti 1956 pou rive 1962, kite mond sa jodi premye mas la, kote l make istwa foutbòl la sitou avèk rekò sa li ta pral mete nan lane 1958 lan ki genyen pou kounya  65 lane.

Ak seleksyon Lafrans lan, Just Fontaine ki pami atakan ki pi konn fè gòl mond foutbòl la pase jiska jodia, ta pral pèmèt ble yo fè demi final yon Koup Dimond pou premye fwa nan istwa yo, nan lane 1958 avèk pèfòmans li yo ki te gen ladan l 13 gòl.

Sou koulè Stade de Reims, atakan fransè an ta pral make ekip sa avèk yon bilan 145 gòl nan 152 match. Non Just Fontaine ap kontinye rete grave nan istwa foutbòl la pandan lontan ankò, menm aprè l fin travèse jodi premye mas la.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: France Just Fontaine sports