Categories: CULTURE

Ayiti ap patisipe pou dezyèm fwa nan koupdimonn slam

Share

Sòti 16 pou rive 20 me 2023 Ayiti gras ak Djhaïly-Mots-Art ap patisipe pou yon dezyèm fwa nan koup dimond slam lan ki ap fèt ane sa nan peyi Lafrans.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Kechler Justin ki gen pou non plim Djhaïly-Mots-Art, ap gen pou reprezante peyi Dayiti nan koup dimond slam 2023 “grand Peotry Slam” ap òganize avèk yon ventèn patisipan ki soti nan plizyè peyi nan mond lan . Li jwenn kalifikasyon pou konpetisyon an apre li te finn ranpòte chanpyona nasyonal slam peyi Dayiti Federasyon Ayisyen slam ak Pwezi (FEHASP) te òganize nan mwa desanm 2022 .

Slamè a ki dekri tèt li kòm yon ” atizan mo ” fèt nan vil Leyogàn yon 23 mas, l’ap etidye sikoloji ak lèt modèn nan inivèsite leta Ayiti (ILA). Djhaïly-mots-art ki ap ekri depi nan lane 2014 fè konnen li fyè anpil pou li al reprezante ayiti nan Koupdimond sila.

Men menmsi li motive epi dispoze pou patisipe nan koupdimonn lan slamè a fè deklare li te “konnen wout la pa t ap fasil” se sak fè li kontinye fè anpil efò poul ka pare pou konpetisyon sila .

Slamè a fè konen tou li rete ouvè ak tout moun oubyen antrepriz ki vle sipòte li pou prepare vwayaj pou al nan peyi Lafrans lan epi tou profite remesye moun ki gentan komanse ede li yo . Sipòtè yo kapab kontakte atis la sou nimewo 509 41904655 oubyen imel li justinkechler18@gmail.com”.

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste

Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média

Leave a Comment