Categories: AN KREYÒL SPORTS

Real Madrid manke moun devan gòl la” daprè C. Ancelotti

Share

Aprè match nil fas ekip Betis la nan Liga a (0-0), yè dimanch lan, ekip Real Madrid la ki te espere ratrape Barcelone aprè defèt li fas Almeria (0-1) week-end pase a, pa rive genyen ekip Betis la. Yon lòt bò, Catalan yo bat Valance (1-0) epi pran 9 longè sou Merengue yo. Match nil sa te pouse antrenè Italyen  an reyaji nan mikro laprès.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Aprè echèk ekip Real Madrid la nan estad Benito-Villamarin a fas ekip Betis la (0-0). C. Ancelotti, nan konferans aprè rankont lan, fè konnen Real gen pwoblèm devan gòl la, ekip la manke moun ki pou fè gòl pou li.

” Se te yon match difisil, men nou te kapab pi efikas devan. Nou jwenn okazyon gòl yo, men sou 3 dènye match nou jwe yo, se yon sèl gòl nou fè, nou dwe pi efikas devan. Gen ti pwogresyon ki fèt men li klè fòk nou travay pou n amelyore nou. Semèn sa nou dwe fè tout sa n konnen pou n amelyore nou. Paka fè gòl nan match yo afekte nou, sa pa gen anpil jou nou te fè 5 gòl nan Anfield la.” Se sa antrenè Merengue yo fè konnen.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: C. Ancelotti Liga real madrid