Duckens Nazon fwape ankò pou CSKA Sofia

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
duckens nazon fwape ankò pou cska sofia

Fas ekip Lokomotiv Plovdiv la, CSKA Sofia rive fè yon nil gras ak yon gòl entènasyonal ayisyen an Duckens Nazon (1-1). Klèb CSKA Sofia ki te lakay li pou 22zyèm jounen premye diviszyon chanpyona Bulgare a, pat ka genyen pou l te pran tèt klasman ak 4 pwen devan Ludogorets.

Yon lòt fwa ankò Granadye a, Duckens Nazon make pou CSKA Sofia fas Lokomotiv Plovdiv, yon gòl Ayisyen an ta pral enskri nan 11zyèm minit. Sa fè 11zyèm gòl Nazon pou sezon an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt bò, ekip Lokomotiv Plovdiv la te vin pou kont, te vin anpeche koyekipye Nazon yo pran tèt Klasman devan rival yo ki se Ludogorets, yon viktwa tap bay CSKA Sofia 4 pwen sou 2zyèm nan. Nan sans sa, jwè ekip Lokomotiv Plovdiv la, Erik Sorga te jwenn gòl egalizasyon an. Pou jis match la te fini ekip CSKA Sofia pat ka fè anyen.

Grenn pwen sa ede ekip Plovdiv la rete nan 4triyèm plas la ak 38 pwen epi CSKA Sofia li menn okipe tèt klasman ak 54 pwen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive