NETALKOLE

K-dilak refwape ankò, « Pou Timoun yo » se nouvo mizik li

K-Dilak, youn nan atis ki enpozel dènye ane sa yo nan milye mizikal ayisyen an, sa pa gen gen anpil minit, aprè midi 15 mas 2023 a depi l pibliye nouvo mizik li fwa sa a ki genyen sèlman vwa atis la. « Pou timoun yo « , se tit mizik sa a ki pale de timoun. Yon mizik ki fèt san prezans konkonbwèt mizikal li Bedjine .

 

Dapre yon piblikasyon atis la fè sou rezo sosyal yo, li fè konen mizik sa se dezyèm pi gwo tèks li ekri nan tout karyèl li kòm chantè. Nan yon entevyou li te genyen ak animatè kiltirèl la Guy Wewe, chantè a deklare se yon frè li k ap viv Brezil ki te ofri l ide mizik sila a.

 

Mesaje a, jan l rele tèt li a deklare nan yon premye tan, mizik la pa t ap Konpa men li fè chwa tandans lan paske daprè li, stil mizik sa pi apwopriye pou touche moun yo .Pou mizik sa atis la avwe li rekipere nan ansyen mizik konpa ane 90 ak 2000 yo kèk son mizisyen kounye a pa itilize ankò.

 

Nan menm entèvyou sa atis la fè konnen ekip li ak Bedjine pare pou tout bagay pandan y ap fè kè fanatik yo kontan epi travay an silans . Konsènan sòti yon albòm, K-Dilak di depi peyi Dayiti bay posibilite poul al jwe tout kote, li pa gen pwoblèm ak lide sa. « Si albòm sa ta rive sòti li ka genyen jiska 6 mizik konpa sou li » te konfye atis la.

 

K-dilak ki genyen plizyè mizik ki fè siksè dènye tan sa yo sitou avèk Bedjine, kwè ekip li fòme ak Bedjine lan nan 5 lane ankò rive konsolide idantite yo epi pran plis matirite nan biznis mizik ayisyen an .

Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média

Articles Similaires

1 de 1 075