Anpil klèb tankou Inter Miami, Barcelone ta swete pran Messi nan mache transfè a nan ete kap vini la. Messi ki poko deside pwolonje kontra li ak PSG, kapab al jwe nan yon lòt klèb sezon kap vini. Nan sans sa, yon klèb nan peyi Arabi Sawoudit, Al-Hilal pwopoze star Ajanten an 220 milyon ewo chak sezon, daprè sa Marca fè konnen.
Yon jounal nan peyi Espay, Marca fè konnen, klèb Arabi Sawoudit la pwopoze Champyon Mondyal 2022 a, yo valè lajan pou l ta vin jwe nan Lig Arab la menn kote ak rival li Cristiano Ronaldo. Aprè Jorge Messi te soti nan peyi Arabi Sawoudit yè madi a, anpil medya gentan ap anonse Messi nan klèb Al-Hilal la jodi mekrèdi a.
Yon lòt bò PSG ap eseye konvenk Pulga pou l pwolonje ak klèb kapital la, se menn jan tou ekip Barcelone nan ak Inter Miami ap fè jwè ki pran Balon dò a 7 fwa je dou. Sepandan, jounal Olé fè konnen Messi anvi rete pou yon lòt sezon ankò an Ewop pou l ka jwe Champions League.
Aprè rive Star Potigè a nan peyi Arabi Sawoudit, kote l ap evolye nan ekip Al- Nassr, dirijan ekip Al-Hilal yo reve repwodwi rivalite ki te ekziste ant 2 gran jwè istwa foubòl la, yon rivalite ki te kreye anpil sensasyon ant Barcelone ak Real Madrid. Eske Messi ap pran lajan sa oubyenl pral tante bay PSG Champions League la?
Facebook Comments