100,000 goud pou yon paspò ki tadwe koute anviwon 12,000 goud, deplore OCNH

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
100,000 goud pou yon paspò ki tadwe koute anviwon 12,000 goud, deplore ocnh

Òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvo Ayiti-OCNH, nan yon nòt pou laprès deplore sitiyasyon kote anplwaye nan sant imigrasyon yo ap fè kontribyab yo peye ant 50,000 goud ak 100,000 goud pou yon paspò ki ta dwe koute anviwon 12,000 goud. Nan sans sa, OCNH mande pou yo nonmen yon nouvo Direktè nan Imigrasyon san pèdi tan.

Nan mwa janvye 2023 a, Depatman Sekirite Enteryè Etazini an te anonse pwogram imanitè pwovizwa, kote Imigran ki soti Ayiti ap kapab antre nan peyi Lèzetazini legalman, sa ki vin fè jwenn yon paspò nan Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon an tounen yon kochma.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon sitiyasyon, daprè òganizasyon pou defans ak pwomosyon dwa moun nan, ki rive akòz:

-Konpòtman kèk anplwaye nan sant imigrasyon an ki pran plezi nan fè kontribyab yo peye ant 50,000 goud ak 100,000 goud pou yon paspò ki ta dwe koute anviwon 12,000 goud.

-Absans yon sèvis plent pou kontribyab yo.

-Absans yon direktè administratif nan nivo imigrasyon, ki kontrè ak estanda ICAO sou pwodiksyon ak pwoteksyon paspò.

-Absans yon direktè jeneral ki demisyone depi 10 mwa.

-Move jesyon sèvis resepsyon an.

Se sak fè, fas ak konsta sa yo, Òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvo Ayiti-OCNH, rekòmande nominasyon yon nouvo direktè jeneral imigrasyon ak emigrasyon ki baze sou konpetans, eksperyans ak kalifikasyon, mete sou pye yon sistèm resepsyon elektwonik pou randevou, fè administrasyon an dinamik konsènan estanda Òganizasyon Aviyasyon Sivil Entènasyonal – ICAO ki mande pou chak depatman imigrasyon ak emigrasyon gen kat direktè administratif elatriye…

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt bò, OCNH fè konnen òganizasyon an ap goumen aktivman pou chak sitwayen gen aksè ak dokiman idantite yo, ki se yon dwa konstitisyon an rekonèt depi lane 1987.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.