Categories: AN KREYÒL SPORTS

5 jwè gentan rive nan Repiblik Dominikèn pou rasanbleman Grenadye yo

Share

Seleksyon ayisyèn nan kap prepare 2 rankont pou Lig Nasyon yo nan CONCACAF la, kòmanse akeyi jwè li yo nan Repiblik Dominikèn. 5 jwè gentan ateri sou sòl vwazen an: Carl Fred Sainté, Carnejy Antoine, Josué Duverger, Djimy Bend Alexis epi Derrick Etienne gentan prezan pou preparasyon Granadye yo avan Montserrat epi Bermudes.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Rasanbleman ekip Pierre Jean Jacques la kòmanse nan Repiblik Dominikèn, 5 jwè gentan rejwen staff teknik lan. Ayiti kap gen pou l jwè fas Montserrat 25 mas epi kont Bermudes le 28 mas. Gen 14 lòt kap rejwen gwoup la a swè a. Yon lòt bò, staff teknik lan gentan sou plas pou resevwa jwè yo epi tannen preparasyon yo.

Ekip Pierre Jean Jacques la ki gen 2 gran objetik, soti nan Lig B a epi pran yon biyè pou Gold Cup k ap vini an. Grenadye yo ki bezwen sèlman 2 pwen, kapab tou akonpli misyon li fas Montserrat.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: ayiti Bermudes Carl Fred Sainté Carnejy Antoine CONCACAF Derrick Étienne Djimy Bend Alexis Gold Cup Grenadye Josué Duverger Lig B Ligue des Nations Montserrat Pierre Jean Jacques Repiblik Dominikèn Seleksyon ayisyèn