Kylian Mbappé, nouvo kapitèn seleksyon Lafrans lan

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
kylian mbappé, nouvo kapitèn seleksyon lafrans lan

Avan pwochen match eliminatwa Euro 2024 yo, antrenè seleksyon Lafrans lan, Didier Deschamps, chwazi atakan Paris Saint-Germain an, Kylian Mbappé, kòm nouvo kapitèn ble yo.

Aprè retrèt entènasyonal Hugo Lloris ak Raphaël Varane, ki se te youn aprè lòt kapitèn epi vis kapitèn seleksyon Lafrans lan, se finalman Kylian Mbappé ki pral gen brasa a daprè jounal l’Équipe.

Didier Deschamps ki te gen chwa ant Kylian Mbappé ak Antoine Griezmann pou remèt brasa kapitèn lan, ofri privilèj sa ak atakan 24 lane PSG an ki pral gen pou jwe premye match li avèk estati sa apati vandredi k ap vini la.

Kylian Mbappé ki te finalis epi meyè bitè dènye Koupdimond lan, se nouvo kapitèn seleksyon Lafrans lan aprè 66 match li gentan jwe sou koulè mayo ble yo pou 36 gòl li deja enskri, pami yo 8 nan dènye mondyal Kata a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.