Categories: ACTUALITÉS AN KREYÒL

Chèf gang Vilaj de Dye a, Izo pèdi chèn Youtube li a

Share
Nouvèl la tonbe byen bonè maten an, men l pa t pran tan pou l simaye. Chèf gang Vilaj de Dye a, Izo rive pèdi chèn Youtube li a aprè plizyè sitwayen te bay alèt sou popilarite nonm nan ki lanse l depi kèk tan nan zafè mizik ak videyo.
Izo, k ap kòmande baz bandi anpil moun konnen sou non “5 Segond”, youn nan òganizasyon kriminèl ki komèt plis move zak sou teritwa nasyonal la, te plis prezante oubyen kamoufle tèt li kòm yon atis, yon pwodiktè olye de yon kriminèl lajistis ak lapolis ap chèche an rezon divès zak li komèt.
Konsa pou li pran yon lòt idantite, Izo te deside antre tèt li nan zafè mizik epi menm kreye yon chèn Youtube ki pa t pran tan pou pran vi. Se youn nan chèn Youtube pa bò isit an Ayiti ki lage kontni odyovizyèl pi souvan. An rezon mwayen kriminèl yo genyen, se prèske chak (2) semèn yo te konn lage mizik ak videyo.
Jounen jodia nouvèl la tonbe : Izo pèdi chèn Youtube li a !
Plizyè medya ak pèsonalite ki gen enfliyans sou rezo sosyal yo, pami yo Facebook, bay nouvèl la oubyen predi li.
Toutfwa pa bò kote pa n, nou pa jwenn chèn Youtube bandi a sou platfòm nan reyèlman lè nou tape non an “Izo Vilaj de Dye”, men pito nou jwenn kèk kontni li te konn pataje sou lòt paj, oubyen tou, nou jwenn chèn Youtube lòt bandi ki fè pati gang “5 Segond” yo tankou Tèt Pa Dwat, Zepequenio Enfoire, Atis Soso 5lan, elatriye, ki pibliye videyo bandi a.
Dènyèman, Izo ki nonmen tèt li « Atis mafya mond lan » te fè yon videyo pou montre li resevwa plak Youtube li, platfòm nan bay kreyatè kontni yo ki rive atenn ba 100 mil abone yo.
Se menm videyo sila ki lakòz anpil mekontantman epi fè kèk sitwayen ki santi sitiyasyon an konsène yo lanse alèt sou ekspansyon kriminèl la ap pran sou rezo sosyal yo. Konsa yo te tanmen demach pou fè efase paj la ki jwenn sipò yon moun depi Lèzetazini an aparans. Pou kounya premye enfòmasyon yo fè kwè swa Youtube bloke l oubyen siprime definitivman.
Kontni chèn Youtube Izo a, ak lòt nou site pi wo yo, fè pwomosyon vyolans sou tout fòm, san konte yo fè lwanj zak yo abitye komèt nan sosyete ayisyèn nan kote ensekirite a pa epanye pèsòn.
San konte, gang “5 Segond” lan ki chita andedan Vilaj de Dye, anviwon bisantnè, blayi kò l prèske sou tout teritwa a. Espesyalite bandi sila yo se fè kidnapin, tiye moun ak bal, manchèt oubyen dife, vyole fanm ak tifi epi vòlè bagay moun. Yo tèlman gen pouvwa, yo kòmanse pa kache vizaj yo ankò, sa pa gen lontan depi chèf gang Izo deside pou l pa bare figi li ankò.
Leave a Comment
Tags: 5 Segond Atis Soso 5lan Izo Tèt Pa Dwat Youtube Zepequenio Enfoire