Li posib pou gen yon lòt pase men nan Gouvènman an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
li posib pou gen yon lòt pase men nan gouvènman an

Nan kad aplikasyon dènye akò politik ki te siyen ant Premye minis Ariel Henry ak divès estrikti sosyopolitik anndan peyi a, nan dat 21 desanm 2022 an kapab genyen yon lòt pase men nan gouvènman an.

Daprè enfòmasyon nou gen nan men nou, Premye minis Ariel Henry ta gen entansyon remanyen gouvènman li an avèk chanjman nan kèk ministè pou reponn ak egzijans akò Primati 21 desanm lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon demach ki poko ka tanmen akoz patizan chèf gouvènman an ta kanpe an kwa pou ministè enteryè ak ministè planifikasyon pa ta pami ministè ki ta va  sibi nouvo pase men sa.

N ap raple, Ministè planifikasyon genyen nan tèt li ansyen senatè epi manm opozisyon sou administrasyon Jovenel Moïse lan Ricard Pierre ki sòti nan estrikti politik Sektè demokratik ak popilè (SDP).

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.